Lik 24:1-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Jan 20:1-10)
24 Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. 2 Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. 3 Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. 4 Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. 5 Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? 6 Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. 7 Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” 8 Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a.
9 Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. 10 Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. 11 Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. 12 Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a.[a]
Read full chapterFootnotes
- 24:12 Gen kèk vèsyon Grèk ki pa gen vèsè sa a.
Copyright © 2017 by Bible League International